Byenveni nan podkas ke nou gen pou ou sou konferans Wisdom Wednesday.
Sajès Samdi se yon etid biblik an Kreyòl ki dirije pa Pastè Ron Stimphil chak samdi swa soti nan 7:00 di swa rive nan 8:30 di swa (Lè New York ak Ayiti). Objektif etid sa a se eksplore ak diskite pwoblèm nan fanmi, sosyete, ekonomi, relijyon ak politik de yon pèspektiv biblik (ki vle di ke nou diskite sa laBib di sou pwoblèm sa yo). Se konsa ke kwayan-disip Kris yo ap kapab ekipe pou aplike pawòl Bondye a nan lavi yo chak jou, e yo ka pran desizyon ki saj pou lavi yo.
Nimewo liy konferans lan se 404-445-4393, e nou akeyi tout moun ki vle patisipe. Nou jis mande patisipan yo pou yo gen koutwazi ak respè pou lòt patisipan yo sou platfòm lan. Tan nou se 90 minit e li pataje kon sa: 3 minit nan lapriyè pou kòmanse, 27-37 minit pou prezantasyon an, 47-57 minit pou diskisyon sijè a (kesyon oswa / ak kòmantè), ak 3 minit nan priyè final.
Siw ta vle kominike ak nou, ekri nou nan email sa: rostiministries@gmail.com .
Ke Bondye beniw an abondans!
